-
Nouvo vwayaj ou a kòmanse ak yon tès TB.
Tibèkiloz (TB) se yon maladi kontajyez ki ka domaje poumon w, sèvo w, kolòn vètebral ou ak lòt pati nan kò w.
Fè tès pou TB jodi a epi pwoteje tèt ou, fanmi w ak avni w.
-
Yon tès TB (tibèkiloz) ka sove lavi ou.
Fè tès pou TB jodi a epi pwoteje tèt ou, fanmi w ak kominote w.
Konsènan TB
Lè moun respire jèm TB yo epi yo vin enfekte, dabitid kò yo ka goumen epi kwape kwasans jèm sa yo. Jèm TB yo ka vin inaktif nan kò a men yo rete vivan. Yo ka reveye epi vin aktif ankò pita. Yo rele sa enfeksyon TB inaktif, oswa LTBI pou pi kout. Moun ki gen LTBI yo:
- Pa gen sentòm yo.
- Pa santi yo malad.
- Pa ka transmèt jèm TB yo bay lòt moun.
- Dabitid yo teste pozitif pou TB pa mwayen yon tès san oswa yon reyaksyon tès po.
- Yo ka devlope maladi TB si yo pa resevwa tretman pou LTBI.
Moun ki gen LTBI ta dwe resevwa tretman pou anpeche yo devlope TB. Li enpòtan anpil pou trete LTBI pou elimine TB nan Etazini. Li diminye anpil, chans pou yon moun ki gen LTBI devlope maladi TB a.
Gen de kalite tès pou detekte enfeksyon TB: yon tès po oswa yon tès san TB. Tès po ak tibèkilin Mantoux a fèt lè yo enjekte yon ti kantite likid (tibèkilin) nan po a nan pati avanbra. Apre w fin fè tès po tibèkilin lan, li enpòtan pou w retounen nan 48 a 72 èdtan oplita. Lè sa a, yon travayè swen sante ki resevwa fòmasyon pral egzamine bra ou pou wè si gen nenpòt reyaksyon.
Tès san TB a mezire fason sistèm iminitè pasyan an reyaji ak jèm ki lakòz TB a. Yon tès TB ki pozitif endike ke yon moun gen enfeksyon TB, men li pa detèmine si moun nan gen maladi TB. Radyografi pwatrin ak echantiyon krache obligatwa pou konfime maladi TB.
- Moun ki anba mezi eksepsyon pou zafè imanitè ki fèk rive ki soti nan peyi yo ki gen gwo pousantaj TB nan popilasyon yo.
- Moun ki te fèk antre an kontak ak yon moun ki gen TB.
- Moun ki gen maladi yo tankou VIH oswa dyabèt ki febli sistèm iminitè a.
- Moun ki montre siy tibèkiloz yo.
- Moun ki te viv oswa ki te travay nan anviwònman ki gen gwo risk (tankou prizon oswa refij pou sanzabri) yo.
Al fè tès pou TB
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou TB ak pou w pran yon randevou pou w fè tès la, kontakte doktè w oswa depatman sante lokal ou a.
Nan Zòn Nò Virginia
Telefòn: 703-246-7100 or 703-246-2433 (TTY 711)
Imel: hdcd@fairfaxcounty.gov
Adrès: 10777 Main Street, Fairfax, VA 22030
Lè yo ouvri: 8:00 AM a 4:30 PM
Telefòn: 703-228-4980
Adrès: 2100 Washington Blvd., 2nd floor (Sequoia Plaza), Arlington, VA 22204
Lè yo ouvri: Sou randevou sèlman.
Telefòn: 703-746-4888
Adrès: 4850 Mark Center Drive, Fourth Floor, Alexandria, VA 22311
Lè yo ouvri: Sou randevou sèlman.
Telefòn: 703-792-6300
Adrès: Rele pou jwenn kote pou fè tès yo.
Lè yo ouvri: Sou randevou sèlman.
Telefòn: 703-777-0236
Adrès: Rele pou jwenn kote pou fè tès yo.
Lè yo ouvri: Sou randevou sèlman.
Si w ap viv nan lòt zòn yo nan Virginia, ou ka jwenn depatman sante lokal ou a la.
Kontakte Nou
Nimewo Telefòn Prensipal pou TB: 804-864-7906
Imel pou TB: tuberculosis@vdh.virginia.gov